Pòtoprens 21 desanm 2022.- Ministè Jistis ak Sekirite Piblik (MJSP) ap fè popilasyon an konnen, jan lalwa ba l misyon pou l fè sa, li mande otorite nan Lapolis pou yo adopte on plan sekirite pandan fèt fendane yo. Plan sa a ap aplike konsa :
Lapolis ap prezan sou tout gran wout yo, ak kote ki gen anpil moun, yon mannyè pou pèmèt popilasyon sikile lib e libè nan sou teritwa a ;
Lapolis ap prezan tout kote ki gen gwo rasanbleman moun pandan sezon fèt la ;
Lapolis ap kontinye mennen operasyon pou desitire tout gang k ap simaye lapenn ak dèy nan sosyete a ;
Fòs polis yo ap arete tout moun k ap kreye latwoublay, sitou sila yo ki enplike nan kidnapin, epi libere tout otaj ki nan men bandi ki nan men bandi;
Ministè Jistis ak Sekirite Piblik konte sou devouman tout Lapolis la pou yo fè respekte dispozisyon sa yo san paspouki.
Ministè Jistis ak Sekirite Piblik pwofite mande popilasyon an pou l kolabore san resèv ak Lapolis la pou kreye on klima lapè ak sekirite nan tout rakwen nan peyi a.