Se avรจk anpil tristรจs Ministรจ Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm aprann nouvel asasinay Leica Domont, yon tifi ki gen selman 31 lane, aprรจ li fin sibi vyol kolektif yon gwoup endividi fรจ sou li, nan komin Lascahobas nan depatman Sant peyi a, 17 jiyรจ 2024 la.
Selon enfรฒmasyon yo, se ta bรฒpรจ viktim nan ak yon lรฒt endividi ki komรจt krim nan epi lage l nan yon twou. Nan sans sa a, Ministรจ kondisyon Fanm ak Dwa Fanm (MKFDF), atravรจ kowรฒdinasyon sant lan, pral chita prese prese ak otorite lajistis yo, pou limyรจ fรจt sou dosye sa a, pou tout koupab yo ka jije selon lalwa.
Ministรจ a ap fรจ tout moun sonje, pratik kriminรจl sa yo ki vize Fanm ak Tifi, pa kadre ditou ak angajman Leta ayisyen pran atravรจ divรจs Akรฒ, Trete ak Konvansyon il siyen nan sa ki gen pou wรจ ak vyolans k ap fรจt sou fanm ak tifi. Pami yo nou ka site Konvansyon Entรจ-Amerikรจn pou Prevni, Pini epi Elimine Vyolans sou Fanm (Konvansyon Belรฉm do Parรก) ki se yon trete entรจnasyonal, Komisyon Entรจ-Amerikรจn pou Fanm (CIM) nan รganizasyon Eta Ameriken yo et siyen pandan yon konferans ki te fรจt nan vil Belรจm do Para nan peyi Brezil, nan dat 9 jen 1994.
Ministรจ a pwofite okazyon sa a pou lanse yon apรจl bay tout popilasyon an pou l pa tolere move pratik sa yo nan lantouraj yo pandan l ap mande yo denonse agresรจ yo, yon mannyรจ pou Lapolis ak Lajistis kapab arete epi pini yo komsadwa. Li pa nรฒmal pou fanm ak tifi kontinye ap sibi zak vyolans sa yo toujou nan sosyete a. Nou pap janm rive gen yon sosyete ekilibre si dwa fanm ak tifi yo pa respekte. Pou tรจt sa a chak sitwayรจn, chak sitwayen dwe pote kole ak Ministรจ, ak tout lรฒt รฒganizasyon k ap batay kont vyolans sou Fanm, pou kwape fenomรจn kriminรจl sa a
Ministรจ Kondisyon Fanm ak Dwa Fanm koube l byen ba devan kadav Leica Domont epi li voye senpati l bay fanmiy li, pandan l ap fรจ konnen l ap suiv dosye a deprรจ, yon mannyรจ pou fanmi sa kadejakรจ kriminรจl kite ak dlo nan je, jwenn jistis ak reparasyon.
Vyolans sou Fanm ak Tifi konsรจne nou tout, ann mete ansann pou n kwape fenomรจn sa a !
Marie Franรงoise SUZAN
Minis